Kisa li ye?

Aprann enfòmasyon esansyèl nan jesyon lapèch.

Kou esansyèl sa yo sou jesyon lapèch yo fèt pou ede w – kit ou se yon manadjè, yon pechè, yon syantifik, oswa yon lòt pati ki enterese – bati konesans ak konpetans kle pou konsepsyon solisyon pou lapèch ki mache pou moun ak anviwònman an. Ou ka jwenn aksè ak kou yo nenpòt lè, nenpòt kote, epi gratis. Nou envite ou pran kou yo epi bay kòmantè ou pou nou ka toujou adapte ak amelyore òf nou yo.

Pami tout menas oseyan yo ap konfwonte jodi a, eksplwatasyon lapèch depase gen pi gwo enpak sou lavi nan lanmè an ak moun yo. Anviwon 3 milya moun atravè lemond konte sou fwidmè kòm yon sous kle pou pwoteyin. Sepandan, prèske yon tyè nan lapèch ki evalye yo nan mond lan kounye a nan gwo pwoblèm akoz eksplwatasyon lapèch depase ki dire twòp e gaye toupatou, e yo estime sitiyasyon an pi mal nan lapèch ki pa evalye yo. San yon jesyon dirab, lapèch nou yo riske efondre e mond lan konfwonte ak yon potansyèl kriz alimantè.

Yon demen ki pi favorab pou oseyan nou yo depann sou moun ki kwè nan yon pi bon demen epi ki abilite pou kondwi nou sou wout chanjman ki kapab pote transfòmasyon. Akademi vityèl lapèch la fèt pou ede ou – kit ou se yon manadjè, pechè, syantifik, oswa lòt pati ki enterese – bati konesans ak konpetans kle pou konsepsyon solisyon pou lapèch ki mache pou moun ak anviwònman an.

Seksyon "Akademi vityèl pèchri " sa a tradui an kreyòl avèk sipò Pwogram Anviwònman Nasyon Zini (PNUE), Kerzina Oraina Oracle ak Claude Alain Etienne ki se Teknisyen Oksilyè nan Koridò Byolojik nan Karayib la (CBC). Nasyonzini-Anviwònman (ONU) se premye otorite nan mond anviwònman an: li etabli pwogram mondyal anviwònman an, fè pwomosyon aplikasyon anviwònman an nan devlopman dirab anndan sistèm Nasyonzini yo, epi li se yon defansè autorite pou anviwònman nan nivo mondyal. Kòm yon pati nan misyon li yo ak apwòch pwogramatik, Nasyonzini-Anviwònman (ONU) fè pwomosyon pou pwoteksyon ak jesyon dirab nan anviwònman maren ak kotyè nan mond lan. CBC a travay ak peyi Karayib yo pou konsèvasyon alontèm divèsite biyolojik pandan yap mete sou pye yon apwòch solid ak kolektif, enstitisyonèl ak rejyonal pou konsèvasyon ak jesyon divèsite biyolojik terès ak maren nan zile karayib yo.